Bib La (Kreyòl Ayisyen, 1985)

Sòm 134

Li chapit sa a an kreyòl. Etid Divine Threads an kreyòl ap vini pita.

1Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Nou tout k'ap sèvi Seyè a, nou tout k'ap pase nwit lakay li ap sèvi l', ann fè lwanj Seyè a!
2Louvri bra nou nan tanp li, lapriyè, fè lwanj Seyè a!
3Se pou Seyè a rete sou mòn Siyon pou l' beni ou. Se li menm ki fè syèl la ak latè a.